Doulè nan do (Egi oswa Kwonik)
Doulè nan do se 1 nan pwoblèm ki pi kouran anrapò ak sante. Bòn nouvèl la sèke pifò moun santi yo pi byen nan 1 a 2 semèn, avèk repo sitou nan 1 a 2 mwa. Pifò moun ka rete aktif pandan yo gen doulè nan do

Moun ki gen doulè dekri li yon fason diferan — tout moun pa menm.
-
Doulè a ka fò, tankou kout kouto, lanse, fè mal, bay kranp oswa boule.
-
Mouvman, kanpe, koube, leve, chita, oswa mache ka fè doulè a vin pi mal.
-
Li ka rete nan 1 kote oswa yon zòn sèlman, oswa li ka plis gaye an jeneral.
-
Li ka gaye anwo, sou devan, oswa desann nan bra w oswa janm ou (syatik).
-
Li ka lakòz kontraksyon misk.
Pifò lè, pwoblèm mekanik nan misk yo oswa kolòn vètebral lakòz doulè a. Pwoblèm mekanik yo dabitid rive akòz yon blesi nan misk yo oswa ligaman yo. Maladi ka lakòz doulè nan do, men anjeneral se pa akòz yon maladi grav. Pwoblèm mekanik yo gen ladan:
-
Aktivite fizik, tèlke espò, egzèsis, travay, oswa aktivite nòmal
-
Simenaj, leve, pouse, rale mal oswa yon fason twò agresif
-
Tòde, koube, oswa detire toudenkou nan yon aksidan, oswa mouvman pa aksidan
-
Move posti
-
Detire oswa deplase mal, san remake doulè a nan moman an
-
Move kowòdinasyon, mank egzèsis regilye (konsilte founisè swen sante w konsènan sa)
-
Maladi disk vètebral oswa atrit
-
Estrès
Doulè a kapab gen rapò ak gwosès tou, oswa maladi, tèlke apendisit, enfeksyon nan blad pipi oswa nan ren, pyè nan ren, ak enfeksyon nan basen.
Doulè nan do egi anjeneral amelyore nan 1 a 2 semèn. Doulè nan do anrapò avèk maladi disk, atrit nan jwenti kolòn vètebral, oswa ratresisman kanal rachidyen (stenoz vètebral) ka vin kwonik epi dire pandan plizyè mwa oswa ane.
Sòf si w te gen yon blesi fizik, tèlke aksidan machin oswa tonbe, radyografi yo anjeneral pa nesesè pou premye evalyasyon doulè nan do a. Si doulè a kontinye epi li pa reponn ak tretman medikal, ou ka bezwen radyografi ak lòt tès.
Swen lakay
Eseye konsèy sa a pou swen lakay:
-
Lè w nan kabann, eseye jwenn yon pozisyon konfòtab. Yon matla fèm pi bon. Eseye kouche plat sou do w avèk zòrye anba jenou w. Ou ka eseye kouche sou kan tou avèk jenou ou pliye anwo nan direksyon pwatrin ou epi yon zòrye ant jenou w.
-
Okòmansman, pa eseye detire zòn ki fè mal yo. Si gen yon tansyon, li pa tankou bon doulè ou genyen apre w fin fè egzèsis san blesi. Nan ka sa a, detire ka fè li vin pi mal.
-
Pa chita pandan peryòd long, tankou nan yon vwayaj long nan machin oswa pandan lòt vwayaj. Sa mete plis presyon sou anba do a pase kanpe oswa mache.
-
Pandan premye 24 a 72 èdtan apre yon blesi egi oswa yon kriz doulè kwonik nan do, aplike yon pake glas nan zòn ki fè mal la pandan 20 minit epi apresa retire li pandan 20 minit. Fè sa sou yon peryòd tan de 60 a 90 minit oswa plizyè fwa pa jou. Sa ap redui anfleman ak doulè. Vlope pakè glas la nan yon sèvyèt mens oswa ak plastik pou pwoteje po w.
-
Apresa ou ka kòmanse ak glas epi chanje nan chalè. Chalè (douch cho, beny cho, oswa kousen chofan) redui doulè epi aji byen kont kontraksyon misk. Chalè a ka aplike nan zòn ki fè mal la pandan 20 minit apresa retire li pandan 20 minit. Fè sa sou yon peryòd tan de 60 a 90 minit oswa plizyè fwa pa jou. Pa dòmi ak yon kousen chofan. Li ka lakòz boule nan po oswa domaj nan tisi.
-
Ou ka altène terapi glas ak terapi chalè. Pale avèk founisè swen sante w sou pi bon tretman pou doulè nan do w la.
-
Masaj terapetik ka ede relache misk nan do yo san detire yo.
-
Ou dwe konsyan de metòd ki san danje pou leve bagay. Pa leve anyen san w pa detire anvan.
-
Si doulè ou a pa grav epi founisè swen w lan dakò, kenbe aktivite nòmal ou jan w tolere yo
-
Si sentòm ou yo grav epi founisè swen w rekòmande yon peryòd repo, eseye retounen nan aktivite nòmal yo dèke li apwouve sa.
Medikaman yo
Pale avèk founisè swen sante w anvan w sèvi ak medikaman, sitou si w gen lòt pwoblèm medikal oswa w ap pran lòt medikaman.
-
Ou ka itilize medikaman san preskripsyon jan yo endike sou boutèy la pou kontwole doulè, sof si yo te preskri w yon lòt medikaman pou doulè. Pale avèk founisè swen sante w anvan w itilize medikaman sa yo si w gen maladi kwonik, tèlke dyabèt, maladi fwa oswa maladi ren, ilsè nan lestomak, oswa senyen dijestif. Pale avèk founisè swen an tou si w ap pran medikaman antikoagilan. Famasyen w se yon moun ekselan pou w poze kesyon sou entèraksyon medikaman sou preskripsyon ak medikaman san preskripsyon.
-
Fè atansyon si w resevwa yon preskripsyon medikaman, nakotik, oswa medikaman pou kontraksyon misk. Yo ka lakòz anvi dòmi, afekte kowòdinasyon w, reflèks ou, ak jijman w. Pa kondi ni opere machin lou.
Swen swivi
Fè swivi avèk founisè swen sante w, oswa jan yo endike w.
Si yo te fè radyografi, yo pral di w nenpòt nouvo rezilta ki ka afekte swen w yo.
Rele 911
Rele 911 si nenpòt nan sa ki annapre la yo rive:
-
Pwoblèm pou respire
-
Konfizyon
-
Trè anvi dòmi oswa pwoblèm pou reveye
-
Endispozisyon oswa pèt konesans
-
Vitès batman kè rapid oswa trè ralanti
-
Pèt kontwòl entesten oswa blad pipi
Lè pou jwenn konsèy medikal
Rele founisè swen sante w touswit si nenpòt nan bagay sa yo rive:
-
Doulè ki vin pi mal oswa ki gaye nan janm ou
-
Kontwòl entesten oswa blad pipi w chanje
-
Lafyèv
-
San nan pipi w
-
Feblès oswa angoudisman nan 1 oswa toude janm
-
Angoudisman nan lenn oswa nan zòn jenital