Diferans ki genyen ant Eta Konfizyonèl ak Demans
Demans ak eta konfizyonèl se 2 pwoblèm sante ki chanje eta mantal yon moun. Yo toude afekte abilite pou panse klè. Yo pataje lòt sentòm ki sanble. Men yo gen diferan koz. Epi yo gen tretman ak rezilta ki diferan.
Eta konfizyonèl se yon ijans medikal. Yo dwe trete li imedyatman. Men souvan yo ka pran l pou demans lan. Nan kèk ka, yo ka vini anmenmtan. Aprann konnen sa w ka fè pou ede yon moun ki gen 1 oswa toude nan kondisyon sa yo.
Kisa eta konfizyonèl la ye?
-
Eta konfizyonèl la se yon chanjman sanzatann nan eta mantal yon moun. Li chanje sou yon peryòd tan ki kout.
-
Li ap gen difikilte pou li konsantre. Li ka gen difikilte pou li pale ak lòt moun. Panse li ak pale li ka gen konfizyon, epi pa klè.
-
Li ka varye ant ajitasyon ak dòmi.
-
Eta konfizyonèl se yon ijans medikal. Anjeneral, gen yon koz.
-
Eta konfizyonèl la trete lè yo jwenn koz la. Yon fwa yo trete koz la, Eta konfizyonèl la ap disparèt.
Kisa demans lan ye?
Demans lan se yon maladi alontèm. Li gen anpil sentom ki moutre sèvo yon moun ap pèdi nan fonksyon l. Kapasite yon moun genyen pou l panse, sonje, ak kominike vin pi mal pandan tan ap pase. Chanjman sa yo pèmanan. Pwosesis sa a dewoule sou plizyè àne. Sa ka rive bridsoukou oswa tikras pa tikras. Li depann de koz la.
Nan kòmansman, yon moun ka pafwa renmen bliye oubyen gen konfizyon. Sentom yo ka lejè. A mezi kondisyon li ap vin pi mal, moun nan ap repete kesyon yo. Li ka bliye yon enfòmasyon de baz. Plis tan ap pase, yo ap gen difikilte pou yo suiv enstriksyon ak fè sa yo konn fè chak jou. Y ap gen difikilte pou yo pale epi pou yo konprann lòt moun. Yo ka bliye kiyès moun yo ye. Li ka pa sonje ki kote li ye. Yo ka pa gen bon imè oubyen ajite.
Nan kèk ka, demans ka rive sanzatann. Pa egzanp, yon estwòk oubyen yon blese nan tèt ka lakoz difikilte pèmanan nan panse ak kominikasyon. Nan ka sa yo, demans lan ka pa agrave ak tan an.
Moun ki gen demans yo riske pou yo gen eta konfizyonèl tou. Sa vle di yon moun ki gen demans ka vin gen sentòm ki grav akoz yon lòt pwoblèm sante. Lè pwoblèm sante a trete, sentòm yo ka amelyore. Men moun nan ap toujou gen demans.
Konnen diferans lan
|
Demans
|
Eta Konfizyonèl
|
Siy nou jwenn plis yo
|
Siy yo ka oubli ak konfizyon. Moun nan ap gen difikilte pou l pale ak konprann lòt yo. Sa ka rive pandan yon peryòd tan ki long.
|
Siy yo ka chanjman sanzatann nan eta mantal moun nan. Chanjman yo ka soti nan ajitasyon rive nan fatig.
|
Kilè siy yo parèt
|
Gen chanjman ki ap fèt dousman nan eta mantal la ak konpòtman moun nan pandan mwa oubyen ane.
|
Gen yon chanjman sibit nan eta mantal la ak konpòtman an toutotan lè ap pase oubyen jou ap pase.
|
Panse ak konsantrasyon
|
Moun nan ka sanble nan konfizyon souvan. Tank tan ap pase, panse yo pap gen sans. Li p ap ka byen konsantre li. Souvan, li p ap ka pale ak moun oubyen konprann moun klèman. Nan kèk ka, yo ka wè oubyen tande sa lòt moun pa ka wè oubyen tande (alisinasyon). Li p ap kapab sonje evènman ki fenk sot pase yo. Li ap pèdi souvni sa ki te rive nan pase deja yo. Li ka pa sonje moun li te konnen yo. Li ka pa sonje ki kote li ye. Li ka pa ka rekonèt objè ki kouran yo.
|
Moun nan ka gen konfizyon. Li ka gen difikilte pou li konsantre li epi pou li pale ak lòt moun. Li posib pou li pa ka di founisè swen sante li a anyen sou sentom li genyen yo. Li ka wè oubyen tande sa lòt moun pa ka wè oubyen tande (alisinasyon). Li ka pa ka sonje yon bagay ki fèk sot pase.
|
Jwenn yon dyagnostik
Li dwe dyagnostike yon moun ki gen siy demans oubyen eta konfizyonèl kòrèkteman. Nan kèk ka, ou ka ede. Ou ka di founisè swen sante a kijan eta mantal moun nan diferan de eta nòmal li. Sa ka ede founisè a dyagnostike pwoblèm nan.
Founisè swen sante a ap egzamine diferan pati nan sante yon moun. Li ap egzamine ki medikaman yon moun ap pran. Li ap wè si moun nan gen yon enfeksyon. L ap chache si li gen yon maladi ki vin pi mal. Li ka pale ak moun nan pou li aprann plis sou eta mantal moun nan. Epi Li ka fè tès pou wè si ka gen yo koz pou eta konfizyonèl la.
Tès pou demans ak eta konfizyonèl souvan gen ladan yo tès san ak pipi, yon IRM, oswa yon eskanè sèvo a. Eta konfizyonèl se yon ijans. Moun nan ka bezwen rete nan lopital la jiskaske yo jwenn koz la.
Kilè pou ou jwenn èd medikal
Yon moun ki gen demans ka gen siy eta konfizyonèl tou. Sa ka vle di gen yon lot pwoblèm sante.
Si yon moun gen chanjman sanzatann nan eta mantal li, rele founisè swen sante li a imedyatman. Oubyen rele 911 . Pale ak founisè swen sante a de chanjman ou te wè yo.