Machaswiv egzeyat pou foskouch
Ou te fè yon foskouch. Sa se fen enprevi yon gwosès anvan tibebe a kapab viv deyò matris la. Ou ka santi yon voum emosyon ansanm ak sentòm fizik pandan kò w ap refè. Sa ka pran kèk semèn jiska yon mwa oswa plis pou w refè fizikman selon nan ki estad ou te rive nan gwosès la.
Swen lakay
Sijesyon pou swen lakay yo gen ladan:
-
Retounen nan woutin toulejou w lè w santi w prè. Se ta ka touswit, oswa ou ka vle tann kèk jou.
-
Pran douch olye beny nan basen. Sa ede evite enfeksyon. Mande founisè swen sante w kilè ou ka pran beny ankò.
-
Pa fè okenn egzèsis fatigan touswit, tankou ayewobik oswa kouri. Tann jiskaske senyen an ralanti vin nan nivo yon peryòd règ nòmal.
-
Pa fè sèks, pa sèvi ak tanpon, ni pa netwaye w avèk douch nan vajen jiskaske founisè swen sante w di li akseptab.
-
Kontakte moun pwòch ou yo pou w jwenn konpreyansyon, rekonfò, ak sipò. Bay tèt ou tan ou bezwen pou w fè dèy pèt ou a. Mande founisè swen sante w enfòmasyon sou gwoup sipò nan zòn ou a. Li ka itil pou pale avèk lòt moun ki te fè yon foskouch.
Swivi
Pran yon randevou pou swivi avèk founisè swen sante w jan li konseye.
Kilè pou w rele founisè swen sante w
Rele founisè swen sante w oswa chèche swen medikal touswit si w gen nenpòt nan sa ki annapre la yo:
-
Lafyèv nan 100,4 °F (38 °C) oswa pi wo, oswa selon konsèy founisè swen ou a
-
Frison
-
Senyen nan vajen wouj vif oswa yon ekoulman ki gen movèz odè
-
Senyen nan vajen ki tranpe plis pase yon kouchèt pa èdtan
-
Doulè nan vant ki grav oswa k ap vin pi grav
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.