Direktif medikal alavans
Yon direktif medikal alavans se yon fòmilè ki pèmèt ou planifye alavans swen w ta swete pran yo si w ta vin paka di sa w vle ankò. Ou ka deside ki tretman medikal ou vle. Ou ka nome moun ou ta vle ki pou pran desizyon ki gen rapò ak swen sante yo nan plas ou. Lwa yo varye de yon eta ak yon lòt. Si sa nesesè, li ka itil pou w pale ak yon avoka.

Ekri swè w yo.
-
Yon direktif medikal alavans enpòtan kit ou jèn kit ou granmoun. Blese oubyen maladi ka frape a tout laj.
-
Deside kisa ki enpòtan pou ou. Panse a ki tip tretman ke w ta vle, oubyen pa ta vle.
-
Kèk eta otorize sèlman 1 tip direktif alavans. Kèk lòt kite w fè yon pwokirasyon dirab pou swen sante yo epi yon testaman vi. Kèk eta met tou de tip yo sou menm fòmilè a.
Yon pwokirasyon dirab (POA) pou swen sante yo.
-
Fòmilè sa pèmèt ou nonmen yon moun ke w chwazi epi fè konfyans pou pale ak pran desizyon nan non w.
-
Moun sa ka deside sou tretman pou ou sèlman lè w paka pale pou tèt ou.
-
Ou pa bezwen ap viv dènye jou w yo. Moun sa ka pale pou ou si w pa reveye oswa konsyan, epi si w gen chans pou w geri.
Yon testaman vi
-
Fòmilè sa pèmèt ou fè lis swen w swete yo lè w ap viv dènye jou w yo.
-
Yon testaman vi aplike sèlman si w paka ka viv san tretman medikal. Li ka aplike si w gen yon kansè avanse, yon gwo estwòk, oubyen yon lòt maladi grav ki p ap kite w vivan.
-
Li pran efè sèlman lè w paka esprime swè w yo poukò w.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.