Kettering Health Network
Kettering Physician Network
Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Itilize yon espiwomèt

Yon espiwomèt mezire ak ki vitès ou ekspire oswa pouse lè soti nan poumon w yo. Fason sa ede w wè kijan w ap kontwole dyabèt ou. Verifye espiwomèt ou a jan sa nesesè epi kantite fwa founisè swen sante w la te di w la. Pa egzanp, se ka yon fwa chak jou. Oswa ou ka verifye l sèlman lè w panse sentòm ou yo ap vin pi grav.

Kòman pou w itilize yon espiwomèt

Etap 1:

  • Deplase makè a mete l sou 0. Oswa deplase l mete nan nimewo ki pi ba nan echèl la.

  • Kanpe dwat. Pa panche. Si w pa ka kanpe, chita dwat. Asire w ou nan menm pozisyon an chak fwa w ap fè tès la.

Etap 2:

  • Si w gen chiklèt oswa manje nan bouch ou, retire yo.

  • Rale yon gwo souf dousman.

  • Pandan w kenbe souf ou a, mete tib pou al nan bouch ou a nan fant dan w yo. Fèmen po bouch ou byen sere alantou l. Verifye lang ou pa bloke ouvèti a.

  • Soufle nan tib ki al nan bouch ou a yon fwa, byen fò epi pi vit ou kapab.

Etap 3:

  • Retire espiwomèt la nan bouch ou.

  • Gade makè a. L ap deplase sou echèl nimewote a. Ekri nimewo sa a.

  • Deplase makè a tounen mete l sou 0, oswa nan nimewo ki pi ba nan echèl la.

  • Fè tès la 2 fwa ankò.

  • Ekri lekti w yo chak fwa. Mache ak yo lè w pral wè founisè swen sante w la.

    Senk etap pou itilize yon debimèt.

Atenn pi bon rekò pèsonèl ou

Rekò pèsonèl ou se pi gwo chif ou atenn nan espiwomèt la pandan 2 semèn lè w pa genyen sentòm. Asosyasyon Ameriken Poumon konseye repete etap ki anwo yo 3 fwa, de preferans nan menm moman chak jou. Anrejistre nimewo ki pi wo a. Yo konpare lòt rezilta espiwomèt ou yo ak rekò pèsonèl ou a. Sa ede ou menm ak founisè w la konnen ki jan w ye nan jou w konn gen sentòm yo. Tankou lè w ap itilize yon Plan Aksyon Opresyon dapre enstriksyon founisè swen sante w la. Pou w atenn pi bon nivo rekò pèsonèl ou:

  • Etap 1. Verifye espiwomèt ou 2 a 3 fwa pa jou pandan 2 semèn nan menm moman chak jou, si sa posib. Fè sa lè w pa gen okenn sentòm opresyon.

  • Etap 2. Ekri lekti espiwomèt yo ak rekò pèsonèl ou a.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by StayWell
About StayWell