Kettering Health Network
Kettering Physician Network
Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Faktè risk pou w gen maladi nan kè

Faktè risk se sa ki fè w ka pwobableman gen yon maladi oubyen yon kondisyon. Èske ou konnen faktè risk pou w gen maladi nan kè yo? Ou pa ka fè anyen pou faktè risk yo. Men ou ka kontwole lòt bagay yo. Chache konnen sa ki mete w nan risk pou w fè maladi kè. Aprann konnen ki chanjman ki ka ede ou kontwole risk ou yo. Kòmanse ak yon chanjman ou panse ki ka pi fasil pou ou.

Faktè risk ou pa ka kontwole

Ou pa ka kontwole okenn nan sa ki nan lis anba a. TCheke sa ki aplike a ou yo. Plis ou tcheke, se plis risk ou a pi wo. Konsantre w sou sa ou ka chanje.

Istwa fanmi w

___ Si papa w oubyen yon frè w ki pi piti pase 55 an oubyen manman w oubyen yon sè w pi piti pase 65 an gen maladi nan kè.

Sèks moun nan

___ Ou se yon gason.

Laj

___ Ou gen 65 an oubyen ou gen plis.

Ras oubyen etni

___ Fanmi w se Afwo Ameriken, nwanon-Ispanik, Meksiken Ameriken, Indyen Ameriken, Awayen, oubyen Ameriken Azyatik.

Faktè risk ou ka kontwole

Gen anpil faktè risk pou w gen maladi nan kè ou ka kontwole. Aprann konnen kisa faktè risk yo ye. Dekouvri kijan pou diminye risk ou yo. TCheke sa ki aplike a ou yo.

Fimen

___ Èske w fimen sigarèt oubyen siga, sigarèt elektwonik, chiklèt tabak, oubyen tabak? Èske ou fimen yon lè konsa oubyen regilyèman?

Nivo kolestewòl ou

___Èske yo te di w nivo kolestewòl ou oubyen trigliserid ou pa an sante? Èske "bon" kolestewòl ou (HDL) nan yon nivo ki ba? Èske "move" kolestewòl ou (LDL) nan yon nivo ki wo?

Tansyon ou

___Èske yo te di w tansyon ou pi wo pase jan li ta dwe ye?

Nivo sik ki nan san w

___Èske yo te di w nivo sik ki nan san ou pi wo pase jan li ta dwe ye? Èske emoglobin ou A1C 6.5% oubyen li pi wo?

Èske w aktif

___ Èske ou inaktif oubyen ou nan travay oubyen ou lakay ou? Èske ou konn pase semèn san ou pa fè ekzèsis oubyen aktivite fizik?

Kisa ou manje

___ Èske ou manje anpil sèl, grès, fri, anpil manje gra? Èske w plis manje vyann wouj? Èske ou bwè anpil kola oubyen bagay dous? Èske w manje tou prepare rapid ki tyo oubyen ou prepare manje? Èske w pa manje anpil fwi ak legim oubyen ou pa manje yo ditou?

Pwa ou

___ Èske founisè ou la te di w ou gen twòp pwa oubyen ou obèz? Èske mezi tete w 35 oubyen li plis si ou se yon fanm oubyen li 40 ou plis si w se yon gason?

Konsomasyon alkòl ou

___Èske ou bwè plis pase 1 bwason pa jou si w se yon fanm oubyen ou bwè plis pase 2 bwason si w se yon gason?

Nivo estrès ou

___Èske w souvan santi w anksye, nève, ak estrese? Èske w santi w pa gen sipò nan lavi w?

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by StayWell
About StayWell